Page 26 - Anwo Anba
P. 26
Enfòmasyon sou otè a
Maude Heurtelou se yon ekriven ki
pibliye 2 woman ak 25 liv timoun.
Pandan pase 30 an, li te fè fòmasyon
timoun, fanmi, gwoup ak pwofesyonèl
sou sijè sante, nitrisyon epi ak lòt sijè ki
gen rapò ak kilti ayisyen, amelyorasyon
kalite lavi, san konte sou diferan teknik
motivasyon pou ansèyman nan lekòl.
Chak ane, li ale nan plizyè bibliyotèk Florida pou fè
lekti pou timoun epi ankouraje paran li ak pitit yo tou.
Alèkile, li pase anpil tan ap devlope liv syans epi ak lòt
liv lekti pou timoun. Liv sa a se youn nan koleksyon
liv konsèp yo. Nou swete timoun, paran ak pwofesè ap
enterese nan tout koleksyon an.
24

